Zenglen, Isnard Douby - Nanou lyrics

[Zenglen, Isnard Douby - Nanou lyrics]

Yo di m' ke tout venn sansib touche kè
Hier soir m' dòmi m' reve Marlène
Istwa manman Nanou m' konnnen l'ap tande nou
Ki twouve Potoprens twò di
Fò l' pati pou l'al chèche lavi
Li vin Etats-Unis

Ranje papye li fè Nanou rantre
Nanou rive, li jwenn manmi l' marye
Tifi nan laj te gran li fèk gen 17 ans
Manman al travay you jou bòpè a manyen Nanou
Olye manman pwoteje l'
Se lage li lage l' pou mari a pa kite l'
Tou sèl, li nan lari tou sèl
Ak you cyclone nan kèl
Sa se pa you bon nouvèl li pa bèl

Ou pito pèdi l' manman
Paske w' pat vle pèdi nonm lan
Men se sa ki rive, manmi abandone l
Anpil foyer gache, lè timoun pa priorize
Paran k'ap ranplase konn moun n'ap frekante

Nanou nan lari ap chèche kòb
Li kite lekòl al chèche job
Se you avni ki gache manman eske w' tande
Pouki se bòpè a ki achte se Nanou ki peye
Lavi des fois pa juste
Gad gwosè you injustice

Ou pito pèdi l' manman
Paske w' pat vle pèdi nonm lan
Men se sa ki rive, manmi abandone l
Anpil foyer gache, lè timoun pa priorize
Paran k'ap ranplase konn moun n'ap frekante

Manman Nanou (Gade sa w kite bòpè a fè)
Manman Nanou
(Manman Nanou, ala mechan w' mechan)
Manman Nanou

Nonm lan vyole pitit fi w'
Epi w' chwazi l' pou fè vi w'
Lè n'ap ranplase moun
Konn moun n'ap frekante manman Nanou
Ou mete li deyò malgre li pa antò
Manman Nanou
(Ou mechan manman Nanou, w'anraje)

Manman Nanou manman Nanou
Manman Nanou

Richie 10 ans parfait, bon bagay

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret