Wyclef Jean - 24 È Tan Pou Viv lyrics

[Wyclef Jean - 24 È Tan Pou Viv lyrics]

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri

Yeh si'w te gen 24 è tan pou viv
Epi nou konnen'w ta pral mourii (24 è tan)
Kisa'w t'ap fè? Yo

Si m'te gen 24 è tan viv
Mwen ta pral cheke manmi
Di'l li te fè yon bon
Travay avèk premye pitit li
Lè yo te rele'm volè, asasin
Li pat janm lage'm li te toujou kenbe'm
Bo'l sou fwon tèt li apre sa pran lari
2 zè e demi rele Gerald Duplessis
Di'l, vin chache'm, depoze'm
Kay madanm mwen gade jan l'abiye byen fre
Li di Wyclef an'n al manje nan tap tap
Mwen di mwen pap ka paske demen mwen pap la
Mwen sèlman vin remèsye'w ak tout kè'm
Paske bagay mwen te fè'w pase ou
Pa menm te dwe rete avè'm ou se yon bèl fi
Ou pa bezwen kriye depi ou wè m'ale
Ou mèt remarye
Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri

Si'w te gen 24 è tan pou viv
Eske'w ta chante? Eske'w ta danse?
Eske'w ta kriye? Di yo ou prale (m'prale wi)
Di yo ou prale (m'ale)

Apre sa mwen soti nan kay lan
Mwen antre nan machin lan
Pick up cellular an call ti frè'm nan
Allo Farel lè w'ap mache nan lari siviye yo
Yo gen anpil jalouzi
Menm nèg ou wè k'ap touye moun pou ou
Se menm nèg yo k'ap mete zam sou ou
Farel di frè nou Samuel se li menm ki bòs
Mwen tande li du pou'l dòmi apre
Li te fè yon divòs
Men Bondye a b'al fòs kankou Samson
Men siviye fanm ki vin
An demon san pwoteksyon
E pa bliye pwoteje Rosaron
Mwen gen yon zam anba matla a, kote bib la
E nèg k'ap mande kiyès ki Rosaron
Mwen gen 2 sè, se li menm ki bebe an
Lòt lan li pi gran, yo rele'l Melky
Depi li piti l'ap goumen ak gason ak fi
Depi'w derespekte fanmi, w'ap ba'l rezon
Pou li pike'w, li pa care si'l pran prizon
Men ti kouzen'm Renel, kontwole yo
Paske si e pa sa, y'ap touye yo
E di Kifila, Jah, Raymond, Junior, Joshua
Yo pa mafya

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri

Si'w te gen 24 è tan pou viv
Eske'w ta chante? Eske'w ta danse?
Eske'w ta kriye? Di yo ou prale (m'prale wi)
Di yo ou prale (m'ale)

Lè kouzen'm Diana tande m'pral mouri
Rele anbilans, li tonbe pran kriz
Mwen gen in è tan rete nan New York city
Apre sa mwen sipoze avèk Biggie nan paradi
Se lè mwen sonje zanmi mwen Haitian Jack
Si tèlman nou zanmi nou rele tèt
Nou kouzen lè n'ap fè zak
E m'pa gen bodyguard mwen gen yon gran frè
Que yo rele Big Beast li pa janm pè
E nou pa janm pè mwen tande moun ap kriye
Mwen gade mont lan, lè a rive
Chèz tonbe kraze fanmi tonbe rele
Se lè ti sè'm lan di leve
Leve ou t'ap reve 'Clef
Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri

Si'w te gen 24 è tan pou viv
Eske'w ta chante? Eske'w ta danse?
Eske'w ta kriye? Di yo ou prale (m'prale wi)
Di yo ou prale (m'ale)

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret