Zenglen - Fidel lyrics

[Zenglen - Fidel lyrics]

Se konsa, se konsa, se konsa lavi a ye
Lè ou vle met chanjman, rezistans tèt chaje
Gen 20 an, te g on jenerasyon k t ap jwe
Yon mizik ki pa t sanble ak sa k te la
Manman mwen, papa mwen, tout fanatik Sicot
Nemours t ap rele ki kote sa prale?
Se konsa, se konsa, se konsa lavi a ye
Lè ou vle met chanjman, rezistans tèt chaje
Jodiya Zenglen nou pran yon lòt chimen
Pou nou fè jenerasyon nou an danse
Ban n lajwa toulèjou ki pe
Mennen nou ale lwen
E poutan nou pa p janm bliye konpa

Zenglen an nou alèz

Oh ban nou lanmou menm si
N ale lòt bò fwontyè depi nou la, oh la la
Nou ka simen lajwa nan kè tout moun
Fidèl, nou vle rete fidèl oh
Zenglen pe fè chimen an
Pou nou ale o la la, epi lanmou epi tandrès
Oh al on lavi, eske ou la pou ban m plis tan
Pou nou mate o la la, epi lanmou epi tandrès
Modèst, nou vle rete modèst oh
Men si n monte sou montay la
Pout tèt an nou janmè vire
Epi lanmou o la la
Pou nou ale, ale chèche yon lòt chimen
Una nueva generación, una nueva dirección
Oh al on lavi, eske ou la pou ban m plis tan
Pou nou mate o la la, epi lanmou epi tandrès

Wo o o

Sa k pou pran m pou m bliye music peyi mwen
Sa k ka pran m pou m bliye rasin an mwen
Sa k pou pran m pou m bliye music peyi mwen
Sa k ka pran m pou m bliye culture pa mwen
Ayisyen nou ye se Kongo nou ye
Men se Kongo nou ye se konpa nou jwe
Nati Kongo nou ye, nou ye se konpa nou jwe

Se nèg Nago nou ye, nou ye, nou ye
Se konpa nou jwe wo o
Ra wo o o

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret