Zenglen - Zenglen Chéri (Medley) lyrics

[Zenglen - Zenglen Chéri Medley lyrics]

Nouvèl Dimensyon! Men sa se Zenglen Cheri!

Gen melodi ki pase
(pase) , pèsòn pa janm bliye
Gen melodi ki ale
(ale) , tout moun te ka sonje yo
Gen melodi ki pase
(pase) , pèsòn pa janm bliye
Gen melodi ki ale
(ale) , tout moun te ka sonje yo

Ou marye, marye, marye, marye
Ou te mèt fè wout ou w’ale, w'ale
Ou se fanm ki pa gen pwoblèm
Ou se ti sè Mariela
Ou fin monte sou tèt Sanfil ou chante
Ou danse, ou rele, ou kriye, ou pale
Gen melodi ki pase
(pase) , pèsòn pa janm bliye
Gen melodi ki ale
(ale) , tout moun te ka sonje yo
Gen melodi ki pase
(pase) , pèsòn pa janm bliye
Gen melodi ki ale
(ale) , tout moun te ka sonje yo

Solèy pa leve, lapli pa tonbe
Pitimi pa donnen, ou leve w'ale
Solèy pa leve, lapli pa tonbe
Pitimi pa donnen ankò, ou leve w'ale
Chak jou mwen leve, m' remèsye Bondye
Depi ou anfòm, ou en santé
Mwen pa pral kriye
Mwen tankou you piano dezakòde
Mwen tankou you branch k'ape pandye
Tankou patisyon lapli mouye
Mwen pa sou anyen

Solèy pa leve, lapli pa tonbe
Pitimi pa donnen, ou leve w'ale
Solèy pa leve, lapli pa tonbe
Pitimi pa donnen ankò, ou leve w'ale
Kounya w'ale, ou ale nan monn fini
Ou pati twò lwen, pouki w' pa di mwen

Pou te ka ouvri bra w' ban mwen
(ouvè, ouvè, ouvè)
Men si m'al chache w' fòk trouve w tou lè jou
Pou m' te ka vini bò kote w
Pou te ka ouvri bra w' ban mwen
(ouvè, ouvè, ouvè)
Oh! Nan mitan lespas m'ale chèche, nan
Mitan lanmè m' manke trouve ou, ou file
Pou m' te ka vini bò kote w
Pou te ka ouvri bra w' ban mwen
(ouvè, ouvè, ouvè)
Men si m'al chache w' fòk trouve w tou lè jou


Tambou odou
(yeah, yeah) Tambou nago yo (ki kote ou ye?)
Tambou petwo yo
(yeah, yeah) Tambou Dahomey yo
(ki kote ou ye?)
Odjodjoy, ann ale, Odjodjoy
Ann ale, Odjodjoy, ann
Ale, Odjodjoy, ann ale, Bondye bon, woule

Tambou Alada (woule) Tambou Yanvalou (woule)
Tambou Kongo
(woule) Tanbou contredanse (woule)
Ann ale, Odjodjoy, ann ale, Odjodjoy
Ann ale, Odjodjoy, ann ale, odjodjoy

Oh bannou lanmou menm si n'ale lòt bò fwontyè
Depi nou la, oh la la
Nou ka simen lajwa nan kè tout moun
Oh bannou lanmou menm si n'ale lòt bò fwontyè
Depi nou la, oh la la
Nou ka simen lajwa nan kè tout moun
Fidèl, nou vle rete fidèl oh
Zenglen pè fè chimen an
Pou nou ale oh la la, epi lanmou epi tandrès
Oh al'on lavi, eske ou la pou banm plis tan
Pou nou mate oh la la, epi lanmou epi tandrès

Se Zenglen ki ka frape
Se li menm yo vle danse
Se Zenglen ki ka chofe, jazz sa se li yo vle
Se Zenglen ki ka frape
Se li menm yo vle danse
Se Zenglen ki ka chofe, jazz sa se li yo vle
Se Bondye k' bannou fòs sa
Woyoyoy, manman mwe, pou n' laye
Oh n'ap kenbe
Kite l' mache, pou n' laye, oh n'ap kenbe
Kite l' monte anwo, pou n' laye
Oh n'ap kenbe
Kite kompa mache, pou n' laye, oh n'ap kenbe
Mèsi Bondye, Mèsi Bondye, pou n' laye
Oh n'ap kenbe
Kite l' mache, pou n' laye, oh n'ap kenbe
Kite l' monte anwo, pou n' laye
Oh n'ap kenbe
Mèsi Bondye, Mèsi Bondye, pou n' laye
Oh n'ap kenbe

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret