Zenglen - FKD lyrics

[Zenglen - FKD lyrics]

Pafwa nou pran lanmou pou jwèt san w
Pa rannkont li tounen on frèt
Si w tande mizik sa ou gen on chans
M pral evite w yon move eksperyans
M anvi yon fi men se pa
Lanmou mwen gen pou li
Men pou m fè l aksepte m
Mwen di l sa vle tande tonbe pou li
Se dènye bagay mwen ta swete
– epi se sak rive

Tel est pris qui croyait prendre li pa
Janm twò ta pou w aprann
Lè metye w se mache bay kou
Gon w lè victim nan se pral ou
Moman foli, se nan zin lanmou m te gentan pri
De semèn ap pase, manzèl pa janm rele
Kè m chavire, se nan reflechi m reyalize -
Mwen pran nan FKD
Mesyedam map bann yon ti konsèy
Pa di se pawòl anpil
Feeling son w bagay ki san
Parèy tèlman li frajil
Bon jènjan, bon flannè, se galan
Lanmou pa janm frape pòt
Si m te konn panse konsa avan
Mwen pa tap pran nan FKD

Sa m ap fè la? Sa w ap fè la? Te kwè m te
Di w entèl son w limyè wouj
Huh? Se sa w te vle di, m pat konprann
Se pou w te tande
Men djaz Ayisyen pa negosye a
Leve de menn anlè, ayiti nap vini

Depose konpa vipip senti l kase, sou kisa?
Sou bisiklèt –yo te pale w
Ann tande sa yo di la

Se konsa bagay yo ye
Lè limyè wouj fòw kanpe pou w pa pran nan FKD
Don’t cry baby don’t cry
Yo di w mond sa son w limyè wouj, zanmi poze

Bèl lanmou tonbe, de semèn pase
Manzèl pa rele – ou pran nan FKD
Ou gentan damou tankou moun fou
Lanmoun plen tèt ou – monchè ou blaze
Ou fèk akouche, ou gen w ti bebe li pa gen
Papa – ou pran nan FKD
Ou dekontwole ou debousole men l gentan
Twò ta – baby ou fware

Se konsa bagay yo ye
Lè limyè wouj fòw kanpe pou w pa pran nan FKD
Don’t cry baby don’t cry
Yo di w mond sa son w limyè wouj, zanmi poze

Anmwey Zenglen soti pou l dejwe m wi
Chire djaz la
Helo BS ou pa wè Gamax pou mwen depose konpa

Ebyen Richie fòw eksplike sak FKD a wi
Nou ka jere ti sa baby Fe, check it

F la se fin, nou pa ka di K gen timoun la
D a demake, li fin konnen l demake

Bèl lanmou tonbe, de semèn pase
Manzèl pa rele – ou pran nan FKD
Ou gentan damou tankou moun fou
Lanmoun plen tèt ou – monchè ou blaze
Ou fèk akouche, ou gen w ti bebe li pa gen
Papa – ou pran nan FKD
Ou dekontwole ou debousole men l gentan
Twò ta – baby ou fware

F la se fin, nou pa ka di K gen timoun la
D a demake, li fin konnen l demake

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret