Baky - Dènye Lèt lyrics

[Baky - Dènye Lèt lyrics]

Dèfwa nou konn wè map ri

(Son ri diferan de sa nou wè a)

M konn ap soufri men’m pa di’n

(Map viv diferan de sa nou wè a)

Lè map chante se pou’m kenbe

Men’m pa gen melodi nan tèt mwen

La men’m pap viv

(Koz lavi’m diferan de sa nou wè a)

Petèt se dènye verse map bann
Dènye pwezi map fè
Pou Rap kreyol dènye lèt map ekri

Petèt dènye album nap jwenn

Dènye rap beef
Petèt karyè’m se dènye karyè map detwi

M gon karyè ki rich men’m pa di’l egzanplè

E si’m pron poz c ke sèvo’m
Mande pou’m Ta kite’l an pè
Alors petèt se dènye vid map plen

Dènye plak map remèt

Al di nèg yo dènyè lèt map e

Check

Karyèm tout vitès men Tristès mwen pat fon pa

Pwomès se dette
Lèzòm raple’m dette mwen chak
Premye nan yon mwa

Pami meyè, Se pat yon plas ke’m tap chache

Lavi’m pat osi bèl ke sa
Li te gon fas ki te kache

M tap soufri men’n ka pat wè
M gon mesaj ki pat rive

Ke’m ta vle pataje avè’n
Men mespere ke’n pap jije’m

Map ekron dènye lèt fason pou’m fè lapè

E Lè’m ale
Lè’n sonje’m na just vide chanpay atè

M konne’n pral di kijan’m ka di
Ke’m blese sanm pap senyen

Nou pral di nèg tankou’m twò byen pou
Jan nou wè ke map Mennen

Pou jan nèg sa renmen ri
Pou jan pèp sa renmen’l

Pou jan ti nèg tap byen viv
Ki pwoblèm ke’l te ka genyen

Tout lè’m tap monte mowal nou
Pa’m tap peze’m al anba

Tout lè nou wè’m sou stage ap
(Vayb) anndanm plen demon map konbat

Muzik te bann plezi
Mwen’l te pèmèt mwen reziste

M soufron maladi ki danjere men
Pou nou ki pa egziste (Depresyon)

De terapi a terapi

De kay doktè a kay doktè

Map gade’n kap detwi Lavi’m

De komantè à komantè pou’m ka fè wout sa
Mal leve woch Ke’m pat mete

Pwiske’m pi kontan nan dòmi defwam
Swete ke’m pat leve

Lè’w son atis ou son egzanp
Men’m pat vle’n abitye

Paske’m tap bann konsèy pou’n swiv
Ke menm mwen’m pap aplike

Lè’m wè camera, M kache tristès dèyon souri

Map viv nan yon kò ki vle viv
Ak yon lespri ki vle mouri

Alors en fait
Lavi atis pat janm fasil pou mwen

M fè tout vi’m ap viv pou moun
Men kiyes ki tap viv pou mwen

M jwenn satisfaksyon nan ti jèn ke’m ede

Malgre’m tap montre’n fo siksè paske’m
Pat vle’n wè ke’m echwe

Lespri’m te lwen de nou Menm si’m prè’n

Dèyèm gen 286 nèg poutanm nan vim
Mwen pa janm santi’m aussi seul

Map ekron dènye lèt fason pou’m fè lapè

E Lè’m ale
Lè’n sonje’m na just vide chanpay atè

An 2012 m tal fon nouvelle avanti

M te livre’m bay Rap kreyol
San’m pat gen okenn Garanti

Premye clash mwen ak Pjay
Son Beef label t’òganize

Malgre’m te jèn
M t gon rèv ke okenn nèg pat ka brize

Des Années aprè m vin
Rankontre’l Enèjil fè’m santi

Si Rkm pat fè’n enmi
M ret kwè’n te ka pi bon zanmi

Vi’m pa parfait, chak nèg gen erè pou korije

Jodi a m fyè
Ke sou latè te gon rapè tankou Pjay

Karyèm bati sou challenge, e sou konpetisyon

Pakou’m diferan de sa map montre nan

Televizyon

Gen de etap fow franchi pou’w ka konn siksè

E nèg tankou’m toujou vle plis
Nèg devwe pa janm Satisfè

(Roodboy) Nou vin nan beef pandan’n
Te vle Ret yon model

E fon challenge ak yon ti jèn
Ki osi dwe ret yon onè

Et pou l’histoire et pour la vérité

Mwen ak Roody nou ka pa byen, nou ka goumen
Men’n bat bravo chak fwa youn merite’l

Rap kreyol fè’m jwenn respè nan kelke baz

Li banm zanmi m paka dekri an kelke fraz

Valè konn valè
Lli pa tann tonb poul mete flè

Map fèl pou Wa ki sot Okap
Yon nèg ke’m fyè pou’m rele frè

Trouble, mèsi dèske’w montre’m tout lè’m
Te ka konte sou ou

Nou vin yon fanmi
Pa ganyen ke’m pap afwonte pou ou

Non’w game egri
Ou fè’m wè sak pat janm posib

Pandan rapè rayi rapè ou menm
Ou tap aprann yo viv

Malgre lavi’n ofon pat janm te osi rose ke sa

M pa kwè gon team isit la ki
Te ka pi gwo ke sa

Sak fè’w pat di anyen lè yo tap kreye zen?

Wendy sorry ke’n pat prezan
Moman’w te plis bzwen

Chak lè pwoblèm fè’w kriye
M konn siksè pral fè’w souri

Bondye pap bay pitit li chay sil ta
Wè chay sa twòp pou li (Amen)

Si’w gen sante, Lanmou, Tout rès yo se pousyè

M swete’w Siksè E tounen lakay
Ou frèm lè’w santi’w prè

E a nou 3 nou te fòme KOUDETA

Koudeta koude koude koudetA (Magic)

M kwè koze sa ta dwe menm ekri nan Bib la

3 pi gran jwè peyi a’k te nan menm ekip la

Nou te fòmel fason poun ka montre lèzòm

Ke siksè youn ka fè bonè
Lòt san deranje Pèsòn

3 mousketè (diferan) e pou lagè, Ki si prè

E Koudeta ap egziste menm
Si’w wè’n nan simityè

E a nou 3 nou te fòme KOUDETA

Koudeta koude koude koudetA (Magic)

M kwè koze sa ta dwe menm ekri nan Bib la

3 pi gran jwè peyi a’k te nan menm ekip

M fè lapè fason Pou’m ka fèmen chapit sa

Al di Magic just fon jan pou’n
Just fin ak beat sa

M Pa gen pasyon anko, e’m pa kwè’m ko bezwen

So Bye bye rap kreyol
Bye Bye ma retounen lè’m rejwenn

Baky

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret