Zenglen - 4 Gason Nan Yon'n lyrics

[Zenglen - 4 Gason Nan Yon'n lyrics]

Oh oh oh oh

Mwen tap tande yon komedien
Yon gran black ameriken
Li di pou w vrèman satisfè yon
Fi anpil rale Mennen vini
Fò w ap chanje tanperaman w
An kat gason diferan ouh oh oh oh

Gen twa bagay byen senp
Fi gen kontwòl nèg li trè fasil
Sipò ak lwayote nou bezwen epi ba nou lanmou
Medam yo se kreyati konplike
Se eksperyans kap pale wi tonton


Pou w satisfè yon fanm konplètman fò
W kanpe an kat gason diferan
Premyeman fò w son sugar daddy
Pou yap rele w papi
Lasosyete son w gwo dosye chita pou nou tande
Zenglen pral eksplike w
Men ròl sugar daddy a tande

Yon pèsonaj yon neg aje chita
Nan kay ap depanse (Tankou James Nozile)
Ba w atansyon tout sa ou vle
Li pa bezwen anyen apre

Gason numero de a limenm
Son w neg ki fyè pou l gen yon
Bèl fanm bò kote l l ap
Fè tout sakrifis dekouvri Saint
Pierre pou kouvri
Saint Paul just pou fè manzèl plezi
Medam yo konn bezwen on neg ki gen
Tanperaman konsa men wol li jwe

Yon neg ki pa nan fè chèlbè
Fè nenpòt jòb bon travayè
(Tankou mwen menm Bato)
Mennen chache timoun lekòl, lave machin

Kenbe m kenbe m sa son w flannè k pa negosye
Misye ap fè job wi la apiye kò w – apiye
M anvi danse wi la – kore m

Gason numero twa
Nou menm an jeneral Ayisyen nou pa gen ti
Pwoblèm sa sutou andan djaz sa yo
Rele Zenglen an
Medam yo konn bezwen on mandingo
Son w mesye un douce un chaut, sauvage
Bras a vide yo mandingo wi

Yo mandingo, yon neg ki cho
(Tankou Brutus, ak Kenny Elsena)
Li bòw goute w pa mande rete
Li bon nan sa sèlman aprè sa anyen li pa vo

Gason numero kat tanperaman ti men kase
Lap fè medam yo ri, pale nan tout kozri
Divers Nan tout zafè yo, pote zen ba yo
Sonw neg ki lucky men wòl misye tande

Tanperaman de sis kole
Ki tout tan ap fè yo ri
Kap fè tripoytay ak yo
Divers Nan tout zafè yo, pote zen ba yo

Gason numero kat la se li k pi du bato lage

Apiye kore m

Fòw mete gason pou w satisfè fanm ou
Sa m sot di w la li pa gen anyen ki dwòl
Son w liv m prete nan men on timoun lekòl
Act like a lady think like a man
Wa di m sa w panse my friend hahaha

Ou ka pote lanmou woy li pap ase
Ou ka pote dola woy li pap ase

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret