Zenglen - B.S. Production lyrics

[Zenglen - B.S. Production lyrics]

Se nan bouch moun nou tande
Ke Zenglen pral performé
Promoteur a deside san jazz la pa confirmé
Li di music sa pot kòb
Promoteur se yon bon job
Pendant ce temps l'ap detwi
Reputation tout jazz yo
Fanatik debake: "Promoteur nou vin
Danse jazz la"
Yo fè deplasman, moun yo peye lajan
Pa menm gen instrument
Promoteur nou vin danse jazz la
Se lè sa l' mande manager jazz la negosye
Manager, konn sa w'ap fè a tande, anh!


Ouh! Se nou k' toujou subi
Promoteur suspan fè nou abi
Public la pa konnen, jan gen nan nou k' koken
Des fois li mal aji
Promoteur suspan fè nou abi
Des fois n'oblije jwe pou
Reputation n' pa gache

(Ann chante) BS production show
Me some actions
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese
Lè w' ekspoze jazz la san
W' pa menm gen kontra
Public la fache, jazz la afekte
BS production show me some actions
(Show me actions)
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese
Lè w' ekspoze jazz la san
W' pa menm gen kontra
Public la fache, jazz la afekte

Woyy! Moun yo fè deplasman
Moun yo peye lajan pa menm gen instrument
Jazz la pa prezante si bagay yo pa klè
Se fòt ou promoteur
Yo di jazz la pa sérieux
Se Zenglen ki afekte

BS production show me some actions
(Show me actions)
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese (Oh, non)
Lè w' ekspoze jazz la
(Se vre wi) san w' pa menm gen kontra
Public la fache, jazz la afekte

Si w' pa vle pran mach eskalye a
W'a pran ascenceur a
Paske nou menm se la n' ye, anlè a, anlè a
Mais qu'est-ce qui se passe au second étage?
Se Zenglen chéri k'ape mate kompa

BS production, pa fè sa a, a
BS production, pa fè sa

Lontan, lè w' jwe music yo
Trete w' de tafyatè lontan, lè w' jwe kompa
T'es le plus sal des va-nu-pieds
San yo pa konnen, se nou ki bay lanmou
San yo pa konnen, lè w' met lajwa nan kè yo
You musicien l' s'on instrument
Indispensable a la nati
Se nou k' ka soulaje, tristès move moman yo
Ou fè m' jwe ou pa peye m'
W'ap di m' atis yo mouri pòv
Olye w'acht'on CD, ou pito fè mil kopi
Ou dwe reyalize s'on BS production
Ki la pou eksplwate n' anpeche nou avanse
Bagay yo gen pou chanje
Ou te mèt kwè m' si w' vle
Lè sa n'a pwogrese, n'a remèsye Bondye o
Wowowo bS production show me some actions
(Show me actions)
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese (non no)
Lè w' ekspoze jazz la san
W' pa menm gen kontra public la fache
(public la fache) jazz la afekte
BS production show me some actions
Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese
Lè w' ekspoze jazz la san
W' pa menm gen kontra
Public la fache, jazz la afekte

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret