Zenglen - Child Support lyrics

[Zenglen - Child Support lyrics]

Fin banm zoklo, fin banm prizon
Epi w lage m nan Child support
Sa pap fèt, sa pap fèt non it’s not fair


Nan peyi serie dwa fanm respecte
Lè yon nonm pase deraye pou frape danje
Men sa pa vle di pou w abize yon lwa cheri
Nan ka sa mwen deja victim
Men kounya w soti pou w detwi lavi m

Banm yon chans pou m wè timoun yo
Banm yon chans pou mwen nan vi yo
Se tout dwa m se mwen k papa yo
Si gon w verite fò n di yo

Kote m te ye ankò a
Ah tèt mwen pati, ok m wè kibo m ye

Kounya m devan jij yap mande m qui suis-je
Mwen pa janm frape w ni joure
W tèlman m adore w ou fin banm zoklo
Ou pap menm vle m wè timoun yo
Pou lajan ou pèdi rezon
Ou abize la lwa ou fè m pran prizon

Banm yon chans pou m wè timoun yo
Banm yon chans pou mwen nan vi yo
Se tout dwa m se mwen k papa yo
Si gon w verite fò n di yo

Child support ta supoze aplike
Nan lemond antye
Aux Etats-Unis se on lwa ki pwoteje fanm
Kont gason kap bay gòl kouri
Se nòmal lè w pa ka okipe
Timoun ou pa bay gròs men nan ka pa m nan l
Diferan m okipe pitit mwen
Se ou kap bay pwoblem it’s not fair

Kite Zenglen poze
Kòm nou ka wè bagay yo still
Wòch sou wòch metal sou metal

Chak fwa map panse dlo pran
Koule nan je m doudou
Pou jan nou te renmen pou jan nou tap Mennen
Menm lè m pa la pèsòn pap chanje sa
Timoun yo se pitit mwen se vi mwen
Se san mwen yo ye

Fin banm zoklo, fin banm prizon
Epi w lage m nan Child support
Sa pap fèt, sa pap fèt non
It’s not fair non non non

Ou fin drive kò w nan lari a
Epi se mwen sèl kap pran presyon
Sa pa fèt, it’s not fair
Yon jou w pral regret timoun
Yo pral grandi cheri
Yo pral poze w kesyon – mommy where is daddy?
Ou pap ka bay manti paske
Lasosyete deja konnen sak pase
Gen twòp je ki tap gade
Pito mwen rekòmanse medite, konsyantize

Ou pa ta fè m sa – cheri mwen
Ou pa ta fè m sa – pou jan m te renmen w
Ou pa ta fè m sa – pou jan m envesti
Ou pa ta fè m sa – ou fè m fè tansyon wi
Ou pa ta fè m sa – m santi map mouri
Ou pa ta fè m sa tempo

E oh oh – se mwen e oh oh ah – se mwen
Lè bill pou peye – se mwen
Timoun pral lekòl – se mwen
Fanmi w gen pwoblèm – se mwen
Lè w gen malady – se mwen
Cheri ou pa ta fè m sa – se mwen
Doudou m pa merite sa – se mwen
M pa konn le premye – se mwen
M konn le dènye – se mwen
Lè pa gen manje – se mwen
Ou bezwen lajan – se mwen
Cheri ou pa ta fè m sa – se mwen
Honey m pa merite sa – se mwen
E oh oh – se mwen e oh oh ah – se mwen
E oh oh – se mwen

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret