Zenglen - Fich Bolet lyrics

[Zenglen - Fich Bolet lyrics]

We! Mesye dam nou pare, bòlèt la pral tire

Sa sa ye la, ki koze sa
S'on bagay tou neuf ki tonbe
Zenglen toujou ap inove no pain, no gain
Relax your brain se verite ti my friend

Ayy! Deux moun marye k'ap viv nan w' kay
San pòt ni pòtay
Ni youn ni lòt pa t'ap travay
Chak jou madanm nan pran lari, bay lavi defi
Pou fè kay la souri
Chak swa l' rantre, l' toujou byen chaje
Kay la gentan meublè, vwatu neuf gentan achte
Mari l' toujou poze l' kesyon
Madanm toujou di cheri mwen genyen nan bòlèt
(Ala chanceuse)
Ki boul li jwe? Kot Fich la ye?
Li ak bondye ki konnen
Se li k' jwe, se li k' genyen
Bolèt sila, jwèt anba dra
Genyen toujou garanti
Depi w' gen bon zouti (sa pou m' di w' ankò)

Yo di bòlèt se chans, fò w' gen perseverans
Ou ka fè l' la konsa you
Jou ou ka tonbe nan dlo
Bòlèt sa s'on lòt jwèt
Li pap mete w' nan dèt
Genyen easy, ou garanti depi w' gen bon zouti

Eyy! you jou madanm deside benyen ak mari li
Li benyen l' de la tèt aux pieds
Des orteils aux cheveux
Lè se tou pa mari a, li sote bagay la
Madanm lan di l' cheri
W'oblije di m' poukisa
Kisa mesye a reponn? Ou pa vle
M' gen fich bòlèt la
Apa l' te konprann? Ou pa vle
M' gen fich bòlèt la
Eyy! Madanm rekòmanse benyen ak mari li
Li benyen l' de la tèt aux pieds
Des orteils aux cheveux
Lè se tou pa mari a, li resote bagay la
Madanm lan di l' doudou
W'oblije di m' poukisa
Kisa mesye a reponn ankò? Ou pa
Vle m' gen fich bòlèt la
Pa fòse l' li pa vle
Ou pa vle m' gen fich bòlèt la
Se konsa kay la te ye
Ou pa vle m' gen fich bòlèt la
Vwatu neuf gentan tonbe
Ala w' bon fich papa
Ou pa vle m' gen fich bòlèt la
M' wè poukisa misye pa negosye l'

Yo di bòlèt se chans, fò w' gen perseverans
(Sergo) ou ka fè l' la konsa you
Jou ou ka tonbe nan dlo
Bòlèt sa s'on lòt jwèt
Li pap mete w' nan dèt
Genyen easy, ou garanti depi w' gen bon zouti

Ton Roland wè fich la
(M'investi) Manno wè fich la (M'investi)
Listen, bòlèt sa jwe entre fanm et gason
Gason an pote deux boul ak you kreyon
Epi fanm lan pote you bèl blòk fich
Sa w' tande a ou di Guillaume, here we go
Bay boul, Tòtò, bay boul, jako, bay boul
Ekri boul bay boul, bay boul, ekri boul
Epi se par deux wi, par paire wi
Bay boul, bay boul, ekri boul
Bay boul, bay boul
Bòlèt sa 13 important epi tou 14 interessant

Bon ann refè l' ankò non Richie
Le monde entier wè fich la (M'investi)
L'univers wè fich la (M'investi)
Tout kote wè fich la
(M'investi) , tout jeune jan
Listen (M'investi)
Bòlèt sa jwe entre fanm et gason
Gason an pote deux boul ak you kreyon
Epi fanm lan pote you gwo blòk fich
Sa w' tande a ou di Guillaume, here we go
Bay boul, bay boul (Armand) , ekri boul
Bay boul, bay boul, ekri boul
Bay boul, bay boul, ekri boul
Bay boul, bay boul
Bòlèt sa 13 important epi tou 14 interessant
Ou pa vle m' gen fich bòlèt la
Ou pa vle m' gen fich bòlèt la
Ou pa vle m' gen fich bòlèt la
Ou pa vle m' gen fich bòlèt la

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret