Zenglen - Lanmou Pa Konn Dyas-Pora lyrics

[Zenglen - Lanmou Pa Konn Dyas-Pora lyrics]

Lavi sa a se yon flanm nan yon lanp plen gaz
Si w' pa boule gason m' konnen w' pase raz
Istwa yon dyaspora k'antre an ayiti
Nan blakawout fènwa l' rankontre on bb
Lanmou anvayi
Li retounen New-York fè taxi blòk an blòk
Fò l' travay voye chèche bebi li
Te gentan pa ka viv san li
Maryaj pwopoze (o o) paran aksepte
Lanmou pa gen moman Pangpangpandan! sabor!

Se pa tout lè big bang vle di kè kontan
Fò w' ta blese nan lang anvan w' konn gou san
Rezidans aplike US apwouve
Kou manmzèl vwayaje tout bagay chanje
Li mande kite (oouh)
Dyaspora fin fou kriye toupatou
Manmzèl ki g'on mennaj ayiti bagay pou
Kriye se ri w'ap ri
Divòs pa lapòs avoka sèl bòs
Nan bagay sa nou nan zenglen nou
Di lanmou pa konn diaspora

Al konn sa k nan renmen pou
Kè w' pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen
Al konn sa k nan renmen pou
Kè w' pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen

Ayyy! Jènjan Ayiti toujou di djaspora
Anpeche l' gen fanm
Djaspora ka bay tout lajan
Fè kè paran kontan
Men cependant yo pa konnen
Jan djaspora yo ka trennen
Lajan ka kreye you stabilité
Lanmou toujou triomphé, nou tande

Al konn sa k nan renmen pou
Kè w' pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen
Al konn sa k nan renmen pou
Kè w' pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l' fè kè senyen

Ayyy! Poukisa n' toujou pran kou
Lè nou tonbe damou?
Lè yo mande n' sak lanmou
Nou di siwo myèl, rapadou
Nan lanmou gen St-Valentin
Konsa tou gen St-Kaseren
Si w' t vle kè w' sispann fè lafimen
Aprann konn sak nan renmen w'a pi byen
Al konn sa k nan renmen pou
Kè w' pa fè lafimen

Men kompa bon nou menm nan Zenglen
Nou pa vle moun rele n' DyasPora
Kijan yo rele n' ti mesye?
Rele n' Pora nan jazz la (that's ok)
Se sou pora n' chita twòp kou
Ou wè mwen menm si m' pat gen kè m' te fou

Lanmou pa konn diaspora
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou ka dous des fois
Des fois l' san fois ni loi
Li pa care si w' blanc si w' nwa
Lanmou pa konn ni règ ni wa
M' pa ta di w' pou diaspora
(Lanmou pa konn diaspora)
M' pa ta di w' pou Jean Herard Richard
(Lanmou pa konn diaspora)
M' pa ta di w' pou Karim Bazaka
(Lanmou pa konn diaspora)
Alevwa pou Gracia Delva

Ebyen pora, reziyen w'
Medam pora yo pran kou tou wi anh tèt chaje

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret