Zenglen, Dabenz Cherry - Le Konpa lyrics

[Zenglen, Dabenz Cherry - Le Konpa lyrics]

Se sa aa, Happy 50 Konpa konpa
Richie, m' wè sa wi tand'on bagay

O, oo, o, oo Gad'on sezisman
Kompa fèk gen 50 ans, l' poko menm chanje dan
O, oo, o, oo ti papa pale yo
Kompa just turned 50, figi l' pako gen pli
Se en 1955 fwa, ze, legim te 10 pou 5
You jèn gason k' rele Nemours
Kreye konpa nan you lakou
Influence lan te latino
Lè sa pat ko gen anpil radio
Se epòk kisa Elsaye yo t'ap mande Sa sa ye
Se pa premier fwa n' fè listwa
N'independant, n' premier pèp nwa
Men gras a Nemours n' f'on lòt exploit
Paske se li ki ba n' konpa
Chak jou ti nèg repete sa
Men yo pa janm konn vale sa
Aux âmes bien nées
La valeur n'attend point le nombre des années

O, oo, o, oo (O, non, non, non)
Kompa fèk gen 50 ans, l' poko menm chanje dan
O, oo, o, oo ti papa pale yo
Kompa just turned 50, figi l' pako gen pli

Ee, influence vin Americain
Mini-jazz tonbe fè kenken
Anpil Orchestre te defile
Mizik sa ap twò long si m' pran site
Parmis lesquels te gen Loups Noirs
Ambassadeurs, Shleu-Shleu, Bossa
Magnum, Skah-Shah, Tabou Combo
Difficiles, Gypsies, DP, Scorpio
Nou pap janm ka bliye Septan
Tropicana ak Frères Dejean
Si jodi a Nemours te en vie
Nou deja wè tout sa l' ta di
A la nouvelle generation
Il faut vraiment faire attention
Et il dirait surtout au gouvernement
De protéger nos talents

Bon Richie, bagay yo ta wòch sou wòch
Metal sou metal wi you
Pakèt medam tulututu ap
Chanje slogan oh cailloux sur cailloux
Bon m' chanje l', bagay yo brik sou brik
Dabenz lage l'

Sa sa ye? Le konpa
Mezanmii, 50 ans papa, demi siècle

50 ans konpa n' ap fete
You eritaj Nemours kite
Selebre woy, selebre woy
Men avan chanpay pete
Gen ti kesyon ki t'ap poze, oo
M' pral bay repons yo

50 ans konpa ap flote
Kijan l fè poko janm rive
Tèt ansanm ki fè sa, se structure ki fè sa
Musicien trayi musicien
Vann figi yo pou de gouden non, non, non
Encadrement ki fè sa, gouvènman ki fè sa

Monsieur le minister, sa w'
Te fè pou Nemours, anyen non
Monsieur le gouverneur, sa w'
Te fè pou Sicot, anyen non
Guy Durosier, Dadou, Ticot, Robert Martino
Anyen non
Dieudonné Larose, Schoubourt ap Manno
Anyen non

50 ans konpa ap flote
Kijan l fè poko janm moute
Tèt ansanm ki fè sa, se structure ki fè sa
Musicien trayi musicien
Vann figi yo pou de gouden non, non, non
Encadrement ki fè sa, gouvènman ki fè sa

Monsieur le minister
(oh sorry) , so w ko fè pou Douby, anyen non
So w' ko fè pou Arly ak Daniel Larivière
Anyen non
Fabrice Rouzier, Tantan, Alan Cavé, Anyen non
Monsieur le gouverneur, sa w
Ko fè pou Richie, anyen non
Pou jan l travay

Bon pwoblèm yo fin ekspoze
La, Archilles Saint-Hillaire
Ou mèt pote champagne la wi
What's you gonna do?
We gonna rock the party, blast the party
Jump the party, freeze the party
Freak somebody and leave the party
To the after party

M pa konn sa w' t'ap tande avan sa
Ni m' pa konn sa w pral tande aprè sa
Men la, se sa w'ap tande kounya la ki konpa

Epi Richie, sèvi avè yo hands up
Put them up, put them up y'all
Yes yes y'all, pou konpa direk hands up
Epi fò n' di Nemours mèsi hands up
Pou tout nom nou pa site yo hands up
Ti Manno, Coupé Cloué, et j'en passe
Hands up one love, One love, Respect y'all

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret