Zenglen - Flannè Femèl lyrics

[Zenglen - Flannè Femèl lyrics]

Ouh! You're in trouble mezanmi! Yo pran m'

Challenge bb a mwen di w' mesye
Challenge madanm ou pou l' pa dedouble
Konnen mennaj ou avan w' marye
Sa ka ede w' detekte vis kache

Lontan lò soti ak mennaj ou
Ou oblije ap surveye
Flannè k'ape tcheke, flannè k'ape blage
Kounya bagay yo chanje
Les chose sont devenues nouvelles
Paske gen flannè mal et gen flannè femèl
"Apò sezi?" challenge bb a mwen di w' mesye
Challenge madanm ou pou l' pa dedouble
Konnen mennaj ou avan w' marye
Sa ka ede w' detekte vis kache

Vendredi swa m' soti ak boubout mwen
Week-end lan bèl m'anvi danse Zenglen
Pandan m'ap byen dodo you bb frape m' nan do
Manmzèl estomake, li di
"Se a mennaj mwen wi w'ap danse?"
(M' pa janm sezi konsa)
M' mande madanm mwen kesyon
Li di m' piga l ba l' presyon
Depi l' te demwazèl li renmen flannè femèl

M' pa gen pwoblèm a sa non
Men cheri fò m' konnen
M ta byen renmen ladan l' tou

Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou
(konnen mennaj ou) ou ka panse l' fidèl
Poutan l' s'on flannè femèl
(s'on flannè femèl)
Avan w' kouri marye chèche konnen boubout ou
(konnen boubout ou) ou ka panse l' fidèl
Poutan l' s'on flannè femèl
(s'on flannè femèl)
Oyy! Eksperyans mwen s'on leson
Leson pou tout jèn gason
Janm panse m' te macho
Gad jan m' t'ap fè zero
Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou
(konnen mennaj ou) ou ka panse l' fidèl
Poutan l' s'on flannè femèl
(s'on flannè femèl)

Ay manman! Ay manman!
Flannè Femèl anvayi jazz la (Ay manman)
Epi yo look good
(Ay manman) Toutan! (Ay manman) yes aya!
Ay manman! Ay manman!

Yo di Zenglen s'on religion moun damou
Moun marye
Depi yo tande vwa sa, depi yo tande groove sa
Yo di Zenglen s'on religion moun damou
Moun marye
Fanatik pa negosye, se na jazz sa y'ap chèche
Se pou nou di m' ki kote Brutus te marye
(Se nan Zenglen)
Se pou nou di m' ki kote Richie fiancé
(Se nan Zenglen)
Se pou nou di m' ki kote Eddie te marye
(Se nan Zenglen)
Se pou nou di m' ki kote Ernst B fiancé woy
(Se nan Zenglen)

Yo di Zenglen s'on religion moun damou
Moun marye
Depi yo tande vwa sa, depi yo tande groove sa
Yo di Zenglen s'on religion moun damou
Moun marye
Fanatik pa negosye, se na jazz sa y'ap chèche
Se pou nou di m' ki kote Alan pral marye
(Se nan Zenglen)
Se pou nou di m' ki kote Nicky fiyanse
(Se nan Zenglen)
Paske se nan jazz sa ke fanm ka
Trouve nonm et nonm ka trouve fanm
Mwen di fanm ka twouve fanm
Yo di se nan Zenglen ke
Fanm ka trouve nonm et
Nonm ka trouve fanm et fanm ka trouve fanm
Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou
(konnen mennaj ou) ou ka panse l' fidèl
Poutan l' s'on flannè femèl
(s'on flannè femèl)
Avan w' kouri marye chèche konnen mennaj ou
(konnen mennaj ou) ou ka panse l' fidèl
Poutan l' s'on flannè femèl

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret