Zenglen - Li Lè Li Tan lyrics

[Zenglen - Li Lè Li Tan lyrics]

Zenglen toujou anlè menm bato a
Konsyantizasyon n ap chante sa lontan
Men nou ap fè bak olye nou fè avan
Si n pa rekonsillye vre pi devan
Y ap bann plis non pote
Konsyantizasyon n ap chante sa lontan
Men nou ap fè bak olye nou fè avan
Ann pa fè wont sèvi kòlè
Rele sou kò nou pito

Nou pot tout non tout move non
Nou paka repete, pitit nou paka tande
Nou fè listwa kòm gwo nasyon
Nou te kòmanse byen
Pouki nou pa vle fini byen

Konsyantizasyon n ap chante sa lontan
Men nou ap fè bak olye nou fè avan
Li lè li tan pou n chanje konpòtman
Konsyantizasyon n ap chante sa lontan
Men nou ap fè bak olye nou fè avan

Anmwe anmwe rele anmwe nou ka kriye
Rasanble pote kole
Men pa fè kòlè sèvi wont je
Diyite nou genyen fòk nou sove
Olye n estomake korije kaye n pito
Kou sa p ap pase aaa bon l pase deja
Kou sa p ap pase
Fòn fè efò pou l pa pase ankò
Kou sa p ap pase

Jodia yo rele l S H Ayiti
Yon pèp k ap mache bay 4H
Kolon sa yo kanpe kinalaganach
N oblije ap fè listwa pou yo
N oblije rale liv yo
N ap mande pou fè tradwi mizik sila pou yo
Pou fè konnen jan nou te
Ede Etazini pran lendepandans

Jodia yo rele l S H Ayiti
Yon pèp k ap mache bay 4H
Kolon sa yo kanpe kinalaganach

Ayisyen yo si nou estomake
Sa se yon wake up call si nou tap dòmi leve
Pa gen anyen ke n te fè n pa ka refè
Ayiti te perle des Antilles
Nou p ap vin pran move konsiy
Se devwa n pou n pwoteje imaj peyi a

Jodia yo rele l S H Ayiti
Yon pèp k ap mache bay 4H
Kolon sa yo kanpe kinalaganach

Interpretation for


Add Interpretation

Add extended interpretation

If you know what the artist is talking about, can read between the lines, and know the history of the song, you can add interpretation to the lyrics. After checking by our editors, we will add it as the official interpretation of the song!

Latest added interpretations to lyrics

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Interpret